Radyo Vwa Peyizan Papay
93.9 FM

🎧 Koute Radyo a an dirèk

ISTORISITE RVP

Nan sousi pou fòme ak enfòme popilasyon nan depatman sant, prensipalman peyizan yo MPP deside kreye RVP 20 mas 1995. Se yon radyo kominotè, zouti kominikasyon kap kontinye travay edikasyon popilè òganizasyon an ap fè sou teren an. Gras a diferan emisyon l yo kifè pati pwogramasyon radyo a, ebyen nou reponn ak 3 misyon medya genyen kise enfòme, fòme ak distrè oditè yo. RVP gen pou frekans li sou band FM nan kise 93.9 fm stereo, nou chita nan papay, yon lokalite ki twouve li nan twazyèm seksyon Agwayedyond riv dwat, komin Ench depatman sant peyi Dayiti. Nou fè pati rezo radyo kominotè yo nan peyi a kap fonksyone anba lobedyans SAKS ki vle di Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal. Nou se manb REFRAKA ( Rezo Fanm Radyo kominotè Ayisyèn) ki gwoupe ansanm radyo kominotè ki gen fanm kap travay ladan yo.